Nòt pou laprès
Nou menm popilasyon Gobè ki repati nan divès regwoupman ak òganizasyon
popilè nan premye seksyon kominal Plezans dinò ak Regwoupman Edikasyon
pou Tout Moun (REPT) pran plezi pou salye laprès pale, ekri ak televize.
Nòt sa se pou atire atansyon otorite konsène yo sou divès pwoblèm ki gen a
wè a edikasyon premye seksyon kominal sa ap konfwonte tankou:
● Difikilte paran yo genyen pou jwenn lajan pou peye kolèj pou timoun yo
kap monte chak ane.
● Pa gen ase lekòl piblik pou akeyi kantite timoun ki dwe al lekòl yo paske
se yon sèl lekòl nasyonal ki genyen pou tout seksyon an ak lòt seksyon ki
anviwonnen l yo tankou Matino, Basen, Chanpay, san n pa bliye yon bon
pati nan komin Pilat.
● Grenn lekòl nasyonal sa pa gen materyèl. Ban yo kraze epi pa menm
genyen yon bon biwo pou anseyan yo chita.
Nan sans sa, n ap mande leta santral ak otorite lokal yo san nou pa fè pyès
distinksyon, pou yo degaje yo pran dispozisyon pou rezoup pwoblèm sa yo pou
nou nan premye seksyon kominal Plezans pandan n ap atire atansyon yo sou
nesesite pou gen yon lòt lekòl nasyonal nan zòn sa.
Nap mande otorite yo tou pou fè n benefisye yon lise paske lise Plezans/Chata
vin n pa sifi pou tout timoun k ap viv nan komin nan oubyen n ap mande pou
otorite yo ede nou jwenn yon chimen antant ak ministè edikasyon nasyonal
pou fè grenn lise nou gen nan Chata a fonksyone doub vakasyon. Konsa a, pitit
malere yo a sispann kite lekòl san yo pa tèmine, akoz difikilte paran yo genyen
pou peye kolèj ki byen chè.
N ap swete laprès bon kouraj nan travay difisil men enpòtan y ap fè nan
sosyete a, nou swete otorite yo pran akè revandikasyon nou menm peyizan,
paran, òganizasyon nan Gobè.
Gobè, 29 septanm 2022
Nòt sa pote siyati :
Rodney Beauséjour, Anseyan
Pierre Michel, Konseye òganizasyon fanm nan Gobè (OFG)
Maulès Beaujour, Manm ògnizasyon peyizan devlopman Gobè
Raphael André, Notab
Eliade Pierre, Manm òganizasyon sitwayen pou devlopman Plezans