Kominike pou laprès
Pòtoprens, 27 Septanm 2022
Nou menm ansanm Oganizasyon sosyete sivil nan kafou Fèy ki regwoupe kèk òganizasyon k ap travay nan tèt kole ak ansanm moun ki fè pati popilasyon k ap viv nan Kafou Fèy ap adrese li ak Gouvènman Ariel HENRY ap dirije a nan lide pou n fè ansanm revandikasyon nou yo rive nan zòrèy li, sitou nan sa ki gen pou wè ak ledikasyon.
Ansanm òganizasyon sa yo, ki se tou manm alye Regwoupman Ledikasyon Pou tout(REPT), te rive reyini sou lobedyans REPT nan dat 3 ak 4 Jiyè epi 31 Dawout 2022 ki sot pase a, kote nou t ap poze gwo pwoblèm zòn Kafou Fèy la genyen, sitou nan zafè ledikasyon. Se konsa, nou te sezi wè pou valè elèv osnon timoun ki nan laj pou al lekol ki genyen nan zòn Kafou fèy la, pou se sèlman kat lekòl piblik ki genyen pou bay timoun yo yon lòsyè ledikasyon.
Anplis konsta demeplè sa a, nou konstate Leta pa rive gen kontwòl sou fonksyònman lekòl sa yo. Paske kalite enfrastrikti lekòl sa yo depaman ak tout nòm aprantisaj ki ta ka egziste. Nou kondane lefèt pa gen enspeksyon ki fèt nan lekòl yo sitou sou ansanm pwogram anyèl yo, tankou: liv yo itilize yo, konpetans pwofesè yo, regilarite pwofesè yo ak ponktyalite yo epitou kalite sa y ap transmèt ak elèv yo.
Pou zafè kòb menm yo egzije paran yo, se bagay tèt chaje. Paske gen paran ki konn fin peye ane lekòl la, men se toujou anba anpil peripesi pou yo rive ba yo depliyan. N ap pwofite kondane tou ansanm atitid malveyan kèk responsab lekòl sa yo konn genyen, sitou lè n konsidere se moun ki konn bay plis kòb la yo konn rive bay plas yo. Lè konsa, sa konn fèt an patipri, bagay moun pa k ap regle.
Pou ane eskolè k ap rantre la, lè n sonje gouvènman an te di li ranvwaye lekòl la, ki te dwe louvri 11 Septenm 2022 pase a, pou dat 3 Oktòb 2022, nan lide pou n te soulaje sitiyasyon sa ki te pi fèb yo, nou panse se te yon bon desizyon. Men, lè vin wè ensekirite a vin ogmante ; lè n konsidere lavi chè a ki pa sispann monte ; mete sou sa, pou Gouvènman an pa wè sa pou l fè, se pye l li deside mete sou kou sa ki pi mal yo nan monte pri gaz la sou do ti malere ak malerèz k ap viv nan peyi a, nan kafou fèy an patikilye. Paske, lè n te konn bezwen 25 goud pou yon kous kamyonèt, nou pa imajine konbye l pral ye kounya nan sityasyon malouk sila a.
Nan sans sa a, nou vle mande Leta, èske lekòl la ap ka tann pou yon lòt mwa ankò ? Èske Leta, sitou Gouvènman sa a gen volonte pou pèmèt lekòl louvri tout bon vre nan peyi a, an patikilye nan zòn Kafou Fèy ? Èske ak modèl desizyon tèt anba sa yo, nou pa riske lage peyi pi plis nan tchouboum nan 5 osnon 10 lane k ap vini la yo ankò ? Kòman n ka kontinye ak modèl gouvènans sa yo, pandan n ap klewonnen Timoun jodi, sitwayen demen ? Èske se pa yon tò n ap fè jenerasyon prezan sa a ki la a, lè n prive l youn nan dwa l genyen yo, ki se dwa ak ledikasyon ?
Nou denonse ak tout fòs nou modèl politik pou ledikasyon Leta sila a ap aplike nan peyi a, sitou nan zòn Kafou Fèy ki déjà yon zòn defavorize ak trè vilnerab. Epi, mande Leta pou l pran responsabite l jan sa dwe ye nan peyi a, an patikilye Kafou Fèy.
Pou otantifikasyon :
– Dieuzina Nicolas DENIS, Groupe d’Appui aux Gens Défavorisés de Carrefour-Feuilles (GRAGDEC)
– Nahomie REGIS, Institut Primaire de Carrefour-Feuilles (IPC)