Kominike pou laprès
Pòtoprens, 14 Desanm 2022
CAREH ap denonse ak tout fòs li ansanm vyolans tout kalite timoun nan Kafou-Fey ap konnen moman sa yo sou tout fom. Men, nan kad vyolans sa yo, gen yon gwoup ki pi vilnerab, ki se Ti fi yo. CAREH pwofite okazyon sila a pou I pale sitou sou v o l a n s fizik ak seksyël timoun yo ap sibi nan men tout kalte moun, tout kote. Se pa selman akoz sitivasyon ensekirite a ki mennen ansanm ka vyolans sa yo. Men, gen kote nou pa t ap janm ka imajine sa rive tou. Se konsa, CAREH pran pozisyion pou denonse zak tizonnay k ap fèt nan kèk leköl nan zon Kafou-Fèy la. Sa ki p avrèman pale. Paske sosyete a leve nou ak yon pakèt mit tankou « Je wè bouch p e ». Nan CAREH nou pa deside wè pou n pa pale.
Nan sans sa a, n ap mande pou otorite, lajistis ak ledikasyon,yo mennen bonjan ankèt sou ansanm pratik sila yo k ap repete anndan lekòl yo. Kote gen pwofese, manmdireksyon, responsab leköl k ap fè timoun chantaj pou nöt. K ap touche yo nan fason yo pa t dwe fè sa. Genyen ki menm rive
itlize pozisyon yo parapò a elèv yo, prekarite sosyal elèv yo, pou yo kouche yo oubyen fè yo avans malonèt ak dezobliian.
Nou menm nan CAREH k ap batay pou defann dwa timoun, noudenonseansanm zak sila yo. Men tou, pasivite leta ki pa janm gen yon enspeksyon apwofondi nan sa k gen pou we ak konpötman pwofèse ak elèv yo, sitou pou ti fi yo k ap sibi tout tip vyolans an silans.
Moun ki siven :
Magadala CHARLOT, Vis-Kowodonatris
Marie PETION, Sekretè Jeneral