Delmas, 24 Janvye 2024

24 janvye sa make jounen entènasyonal Edikasyon. Nan okazyon sa a, Regwoupman Edikasyon pou tout Moun (REPT) pran plezi pataje deklarasyon sa kolektif ki gen ladan l Kanpay Amerik Latin pou Dwa Edikasyon (CLADE) ak REPT nan tèt kole ak konsòsyòm sou privatizasyon dwa moun mete deyo.

Deklarasyon an:

Nan yon monn kote sosyete moun yo ap fin depafini, kote inegalite a vin tèlman grav, sa vin gen konsekans menm sou anviwònman an ; jounen jodi a pi plis pase anvan, nou bezwen yon bon kalite edikasyon piblik k ap pèmèt moun fè tout kalte pwogrè e k ap bay tout moun posiblite patisipe nan tout sa k ap fèt.Menm lè sistèm politik yo ap goumen pou yo kwape fòm pouvwa ki chita nan men yon grenn moun nan epi pou yo fè pwomosyon pou demokrasi a, se edikasyon piblik ak  gratis la ki kapab ede vre nan fòmasyon yon seri popilasyon ki pare pou yo leve tout gran defi mondyal ki devan nou la a.

Popilasyon an ap kore edikasyon piblik la, yon edikasyon k ap bay rezilta vre

Bon kalite edikasyon piblik ki pase men pran tout moun nan se youn nan dwa moun ki pi enpòtan yo

Nan dènye dis lane sa yo,Kominote entènasyonal la fè anpil gwo jefò, yon mannyè pou li pèmèt plis pase de (2) milya moun jwenn ledikasyon nan lemonn epi pou yo rive kreye kèk sistèm aprantisaj ki kapab satisfè bezwen edikasyon yon bon kantite moun.

Se Leta menm ki gen responsablite garanti koze edikasyon piblik ak edikasyon obligatwa a epi pou yo fè l tounen yon reyalite, yon mannyè pou li garanti dwa tout moun –fanm kou gason- genyen pou yo jwenn edikasyon an.

Se sèl Leta peyi yo ki gen kapasite pou yo ka goumen kont tout bann inegalite ki egziste nan sektè edikasyon an e ki konekte ak lòt kalite inegalite ki gen pou wè ak koze, tankou: sèks moun, ras, etni, orijin, klas sosyal, andikap ak anpil lòt fòm esklizyon toujou.

Kesyon kalite nan edikasyon an ale pi lwen toujou pase jefò k ap fèt pou yo kreye yon klas travayè kalifye e ki pral lakoz sistèm edikasyon nou yo vin chaje plis limit toujou.

Zouti teknoloji edikasyon yo pa dwe vin ranplase pwofesè yo e li pa dwe favorize yon fòm edikasyon ki mete tout moun nan menm sak e mete sou sa, li pa dwe lakoz yo mete bon kalite edikasyon piblik gratis la sou kote nan espas ki rezève pou travay edikasyon an.


Okontrè, nou dwe chèche mwayen pou nou bay bon kalite edikasyon piblik la yon seri objektif ki pi grandyoz toujou nan lide pou li pase men pran tout ansanm dwa moun ki pi enpòtan yo, tankou,edikasyon sa a dwe sèvi pou li pèmèt lòm nan rive devlope pèsonalite l nan tout nivo posib yo epi pou li bay aprenan yo-fanm kou gason – tout kapasite nesesè pou yo kapab leve tout gran defi mondyal yo genyen devan yo kòm sitwayen ki byen enfòme e kòm sitwyayen aktif toutbon.
Genyen gwo malèpandye sou tèt pwojè pou nou rive genyen yon edikasyon inivèsèl ki bay tout moun menm opòtinite a akoz aktè prive yo ki vin ap pran plis plas ak enpòtans nan sektè edikasyon an.

Gen anpil done ki soti nan plizyè peyi e ki demontre privatizasyon sektè edikasyon an pa fè kalite edikasyon an vin pi bon e li pa kreye posiblite pou plis moun jwenn edikasyon tou, men, sa lakoz vin gen plis inegalite nan koze edikasyon an ; yon sitiyasyon ki depaman ak dispozisyon legal ki genyen sou dwa moun nan epi ki pase Objektif Devlopman Dirab # 4 la anba pye tou (objektif ki konsène dwa moun pou  yo jwenn edikasyon an) ki nan Ajanda Objektif Devlopman Dirab Nasyonzini an, menm jan an tou, sitiyasyon sa a vyole kad legal peyi yo tou. Lojik privatizasyon edikasyon an ak lojik ki fè edikasyon an tounen yon machandiz la chita sou yon seri eleman espesifik (estandadizasyon, rantabilite, otnomi ak deregleman total kapital) e sa ki pral louvri baryè pou anpil fenomèn sosyal, tankou: esklizyon, diskriminasyon kont yon seri kategori moun espesyal tankou moun ki gen yon andikap yo).

POZISYÒNMAN

 Nou kanpe an kwa kont koze privatizasyon edikasyon an paske se yon koze ki kont vizyon nou genyen  pou tout moun genyen menm opòtinite yo, e nou p ap pale sèlman pou moun k ap viv nan kategori ki nan malsite yo oubyen kategori moun ki majinalize yo, n ap pale pou tout moun nèt, yon mannyè pou nou ka viv nan yon seri sosyete ki pi jis ak pi ekilibre


Edikasyon piblik la ap soufri ak yon gwo mank finansman

Nan lane 2023, INESKO kalkile sektè eidkasyon an konnen yon defisi finansman ki rive nan prèske 100 milya dola. Defisi finansman sa a soti nan yon fòm enjistis fiskal, nan yon bann kondisyon yo mete pou kesyon èd y ap bay yo, kontwòl fiskal yo ansanm ak lòt kesyon nou dekri nan dokiman 50 ane echèk yo ki make demi syèk aplikasyon politik ekonomi neyoliberal yo nan kesyon èd entènasyonal la.
Nan sans sa a, n ap lanse yon apèl bay tout enstitisyon finansye entènasyonal yo pou yo fè kondisyon y ap bay èd yo vin pi senp  – pou yo mete plis lajan disponib, pou yo repanse afè dèt la epi pou yo reyalize yon seri envestisman ki valab toutbon nan sektè edikasyon an.

An menm tan tou, nou kont afè kote y ap pran lajan ki la pou envesti nan sektè piblik la pou yo finanse aktè prive yo atravè yon seri rezo enstitisyon ki chita sou paternarya piblik-prive.
Mete sou sa, enstitisyon finansye entènasyonal yo pa ta dwe finanse lekòl ansèyman fondamantal.
Pandan dènye dis (10) lane ki sot pase la yo, ansanm manm konsòsyòm sou Privatizasyon ak Dwa Moun yo (ki gen kòm sig an angle: PEHRC) reyalize anpil travay nan tèt ansanm pou yo rive pi byen konprann kouman pratik respè dwa moun nan makònen ak bon kalite edikasyon piblik la, edikasyon gratis la, ak edikasyon ki pase men pran tout moun nan; epi kouman nou ka kanpe an kwa pi byen toujou kont afè privatizasyon edikasyon an, yon fason pou nou fòse gouvènman ak enstitisyon yo rann kont pa rapò ak obligasyon yo genyen epi pa rapò ak objektif yo bay tèt yo pou yo fè dwa moun pou yo jwenn edikasyon an tounen reyalite a.

Kòm yon konsòsyòm/gwo regwoupman òganizasyon sosyete sivil la, nou rejte vizyon kòmkwa edikasyon an ta yon byen endividyèl anndan yon seri sistèm ki pa konsidere tout moun menm jan e ki lakoz se moun ki fèt nan fanmi rich yo k ap jwi tout avantaj yo akoz fanmi yo ka sipòte tout frè obligatwa yo, sa fanmi ki nan malsite yo pa ka fè ; epi pandan tan sa a, founisè prive edikasyon yo kontinye fè gwo benefis enpòtan nan pwofite absans yon sistèm edikasyon inivèsèl bon kalite ki ta disponib pou tout moun-fanm kou gason.

Okontrè, nou menm –fanm kou gason- ki siyen anba dokiman an, nou lanse yon apèl bay tout Leta peyi yo ki gen gran reskonsablite nan fè koze bon kalite edikasyon piblik gratis e ki pase men pran tout moun san wete san wete a, tounen yon reyalite a, e la a, n ap pale de yon edikasyon pou lavi diran pou tout moun nan tou. Nou rete kwè avni sosyete nou yo depann de angajman kolektif n ap pran an favè edikasyon piblik la. 

Nou menm, òganizasyon, enstitisyon ak pèsonalite ki siyen anba dokiman an, n ap ankouraje tout moun nan tout sektè, espesyalman Leta peyi yo, pou yo defann enterè piblik la kont enterè pa aktè prive yo k ap ranfòse chak jou pi plis, epi pou yo fè sa k nesesè pou bon kalite edikasyon piblik, edikasyon gratis ak edikasyon ki pase men pran tout moun nèt la tounen yon reyalite epi pou edikasyon sa a jwenn tout finasman nesesè yo toutbon vre.

REKÒMANDASYON YO 

Pou nou rive ateri, n ap mande pou yo konsidere senk (5) zòn kle sa yo, tankou:

1) Sektè piblik la dwe gen tout priyorite yo. N ap lanse yon apèl pou tout ajan edikasyon yo pou yo travay nan sans pou nou gen bon kalite edikasyon piblik, ki gratis e ki pase men pran tout moun nèt-fanm kou gason , timoun kou granmoun. Jan sa parèt nan dokiman revandikasyon ki pote non Avni nou se nan Piblik la, nou egzije Leta peyi yo pou yo bay sektè piblik la an jeneral priyorite.

2) Edikasyon piblik ki dwe gen yon finansman solid. 

Tout Gouvènman yo dwe pran tout mezi pou yo rezève 6% PIB yo oubyen 20%  bidjè yo pou piti, jan sa parèt kòm depans debaz nan dokiman referans Somè sou Transfòmasyon Edikasyon an, pou finansman edikasyon an pou dwa moun pou yo jwenn edikasyon an tounen reyalite a, menm jan ak dwa tout pwofesè genyen pou yo travay epi pou yo viv nan bon kondisyon an; e menm jan an tou, yo dwe pran dispozisyon pou yo gen tout mwayen nesesè disponib , kit se sou plan nasyonal oubyen sou plan mondyal pou kantite mwayen finansye yo ka disponib, pou yo regade  edikasyon an. 

« Kesyon dèt la epi pou gen plis depans ki fèt pou sektè sa a, jan Dokiman « Apèl pou Aksyon Finasman Edikasyon an rekomande li a. »

3) Kanpe sou finansman privatizasyon sektè edikasyon an. 

Leta peyi yo, enstitisyon k ap finanse devlopman yo, envestisè yo, enstitisyon k ap bay èd lajan yo, entemedyè yo dwe veyatif pou finansman y ap bay yo pa ale nan kore mouvman privatizasyon edikasyon an, pi espesyalman, mouvman ki vle fè edikasyon an tounen yon machandiz la oubyen ki vle fè sektè sa a tounen yon sous envestisman pou brasè fè gwo benefis. Paske anpil fwa, se yon seri pwogram k ap ankouraje segregasyon ak diskriminasyon, k ap kraze edikasyon gratis la, k ap malmennen pwogram etid yo e ki ap vyole minimòm prensip ki garanti koze edkasyon bon kalite a e k ap anpeche kesyon sipèvizyon ak suivi demokratik la fèt.


4) Mete kontwòl sou aktè prive yo epi fè yo respekte tout nòm ki garanti koze edikasyon kalite a. 

Leta peyi yo dwe mete bon jan kontwòl sou fonksyònman aktè prive yo, yon fason pou yo evite konfli enterè bò kote aktè prive yo k ap chèche enfliyanse mannyè y ap tabli kad legal sou fonksyòman sektè a. Leta peyi yo dwe veyatif nan fason y ap aplike lwa ki egziste pou sektè a epi pou yo vini ak lòt kalite prensip regleman ki pi djanm toujou pou yo pwoteje dwa moun pou yo jwenn edikasyon an.

5) Yon chanjman diskou

Malgre reyalizasyon anpil gwo kanpay pledwaye ki koute gwo lajan, kanpay k ap fè moun konprann sektè prive a ap travay pou li rezoud tout gwo pwoblèm Leta pa ka regle nan sektè edikasyon an, done ki la yo demontre se lekontrè. Nou egzije pou yo mete yon bout nan modèl diskou y ap simaye yo e ki vle fè moun kwè edikasyon piblik la se yon echèk totalkapital la. Edikasyon piblik la toujou bay bon rezilta depi li resevwa tout èd li bezwen an bò kote Leta peyi yo. Tout sitwayen-fanm kou gason- dwe kore edikasyon piblik la toupatou nan monn nan.


Related Blogs

Leave a Comment