Pou yon edikasyon piblik ki bay tifi yo priyorite ak lòt gwoup majinalize nan sosyete a
Nan okazyon jounen 8 mas la ki make jounen entènasyonal dwa fanm yo, « Envesti anfavè fanm : aksele rit la » se tèm ki chwazi ane sa pou jounen sila a, Regwoupman Edikasyon pou Tout Moun (REPT) ap lanse nan sans sa a yon apèl pou gen bon jan edikasyon piblik ki bay tifi yo priyorite ak lòt gwoup majinalize nan sosyete a, tankou tifi ki gen difikilte pou yo viv, timoun ki andikape, timoun ki pa gen mwayen pou ale lekòl ak timoun ki nan lari yo.
Gwoup moun sa yo jounen jodi a, ap monte pi plis toujou yon kalvè akòz sitiyasyon katastwofik gwoup ame yo tabli nan pifò katye nan kapital la ak nan plizye komin nan lòt zonn nan peyi a. Plis tifi ak jenn fi ak lòt gwoup ki deja majinalize nan sosyete a pa ka ale lekòl malgre obligasyon lwa manman peyi a fè leta pou garanti bon jan edikasyon, gratis, kalite pou tout moun.
Sa fè yo oblije al pran refij nan sant ki pa t prepare pou resevwa moun ki deplase. Plis travay vin ogmante plis sou zepòl ti jenn fi ak fanm granmoun nan kan yo ak ka vyòl nan espas yo. Y ap viv sitiyasyon difisil kote yo pa jwenn bon twalèt ijyenik, espas pou benyen ki respekte entimite yo, elatriye. Se plizyè milye moun, kote majorite nan yo se fanm ak tifi ki oblije deplase akoz vyolans nan kapital la nan espas semèn 8 mas sa a.
Tèm ki chwazi a, raple nou yon lòt fwa angajman ki dwe genyen pou envesti nan edikasyon piblik ki respekte rapò san fòs kote “ekite” ak enklizyon nan sistèm edikasyon ayisyen an. Epi bon jan kondisyon lavi pou fanm yo nan peyi Dayiti.
Batay pou garanti dwa fanm ak tifi yo dwe yon preyokipasyon tout bon.pou sosyete a
N ap kontinye reziste. N ap kontinye lite.
Wiliam Thélusmond
Direktè Ekzekitif REPT
Pòtoprens, mèkredi 06 mas 2023
