#1 Podkas :  Edikasyon piblik

Marlyne : Byenvini nan premye nimewo podkas « Dwa edikasyon : Kalite – Enkilzyon » kote nou pral pale sou deklarasyon kanpay k ap fèt sou « edikasyon piblik ». Deklarasyon tèt ansanm sa a, se yon kolektif ki fè l nan kolaborasyon ak Konsonsyòm sou Privatizasyon Edikasyon ak Dwa Moun (PEHRC). Rept avèk Kanpay Latino amerikèn (Clade) se manm kolektif sa a. Deklarasyon sa fèt 24 janvye 2024, nan okazyon Jounen Entènasyonal Edikasyon pou lanse yon kanpay anfavè dwa Edikasyon piblik.

Dokiman sa a mete anpil aksan sou enpòtans edikasyon piblik, gratis, enklizif pou tout moun, tout kote. Ann gade sa yo di nan deklarasyon sa a sou edikasyon piblik.

Maxaint :  Edikasyon piblik se yon responsablite Leta yon peyi genyen pou yo mete bon kalite enfrastrikti eskolè tout kote nan peyi yo. Li dwe fėt san ankenn diskriminasyon, yon fason pou tout timoun, tifi kou ti gason, jenn ak granmoun peyi yo jwenn bon lekòl, bon pwofesè, materyèl ak fonniti eskolè, epi lòt akonpayman pou fasilite bon kondisyon aprantisaj.

Lekòl soti nan preskolè pou rive nan dènye sik fondamantal se yon responsablite leta pou l mete yo nan tout peyi yo. Pou enstitisyon ki fè deklarasyon an, bon kalite edikasyon piblik dwe makònen ak respè dwa moun, li dwe gratis, li dwe pase pran tout moun san esklizyon. Pou nou rive la, nou dwe kanpe ann kwa kont privatizasyon ak machandizasyon edikasyon, fòse gouvèman yo ak enstitisyon yo rann kont parapò ak obligasyon ak objektif yo bay tèt yo sou kesyon dwa moun genyen sou kesyon edikasyon.  

Marlyne :  Kominote entènasyonal la fè anpil gwo jefò, yon mannyè pou li pèmèt plis pase de (2) milya moun jwenn ledikasyon nan lemonn epi yo rive kreye kèk sistèm aprantisaj ki kapab satisfè bezwen edikasyon yon bon kantite moun.

Malgre sa, gen yon pakèt pwoblem ki pa rezoud. Responsabilite Leta yo nan pwomosyon edikasyon piblik la ki kreye privatizasyon edikasyon an ak lojik ki fè edikasyon an tounen yon machandiz. Ki lakoz inegalite ki gen pou wè ak : sèks moun, ras, etni, orijin, klas sosyal, andikap ak anpil lòt fòm esklizyon toujou.

Maxaint : Dapre Kolektif la nan tèt kole ak Konsonsyòm sou Privatizasyon Edikasyon ak Dwa Moun, Edikasyon piblik la ap soufri anba gen gwo pwoblėm manke finansman. Nan lane 2023, INESKO kalkile sektè edikasyon an konnen yon defisi finansman ki rive nan prèske 100 milyon dola.

Defisi finansman sa a soti nan yon fòm enjistis fiskal

  • kondisyon yo mete sou kesyon èd y ap bay yo.

Nan sans sa yo lanse yon apèl bay tout enstitisyon finansye entènasyonal yo pou yo rann

  • kondisyon y ap bay èd yo vin pi senp
  • pou yo mete plis lajan disponib, pou yo repanse afè dèt la epi pou yo reyalize yon seri envestisman ki valab tout bon nan sektè edikasyon an.
  • An menm tan tou, yo kont afè kote y ap pran lajan ki bay pou envesti nan sektè piblik la pou yo finanse aktè prive yo atravè yon seri rezo enstitisyon ki chita sou paternarya piblik-prive.
  • Enstitisyon finansye entènasyonal yo pa ta dwe finanse lekòl ansèyman fondamantal.

Pou rezime deklarasyon sa a, Kolektif la nan tèt kole ak Konsonsyòn nan fè 5 rekòmandasyon :

  1. Sektè piblik la dwe gen tout priyorite yo.  
  2. Edikasyon piblik dwe gen yon finansman solid, kote tout gouvènman dwe envesti omwen 6% nan PIB oubyen 20% pou pi piti nan bidjè yo nan edikasyon.
  • Kanpe sou finansman privatizasyon sektè edikasyon an.
  • Mete kontwòl sou aktè prive yo epi fè yo respekte tout nòm ki garanti bon kalte edikasyon.
  • Yon chanjman diskou soul ide ki fè kwè sektè prive a ap ka rezoud pwoblem Leta pa ka rezoud nan edikasyon an.

Marlyne : Ansanm enstitisyon sa yo fè apèl bay tout  òganizasyon/ enstitisyon/ moun pou yo pote kole nan demach sa a, nan siyen yon petisyon ki reklame bon kalite edikasyon piblik lan pou tout moun, tout kote nan mond lan.

Pwodiksyon : REPT
Patisipasyon : Marlyne Jean ak Maxaint Jean-Baptiste

Related Blogs

Leave a Comment